Vierge Beauty Care  profile
challenge banner image
30 Jours pour des Cheveux Plus Sains, Plus Forts et Plus Longs
4 weeks27 Jul - 26 Aug
cover image
$25
About Challenge

Mwen se Viergetha, fondatè Vierge Beauty Care. Mwen fèt e grandi nan yon komin yo rele Fonvèrèt, zòn Forèdèpen.

Lè m tap grandi, mwen te konn wè kòman timoun yo te konn ap kriye lè yap penyen cheve yo, nan fason yo te konn ap demele yo, se tankou pran swen cheve te vin yon pinisyon pou timoun yo.


E sa te konn fè m mal anpil ,e m te konn ap poze tèt mwen kesyon : kisa poum fèm poum pa pase anba doulè sa tou ? Epi sa te vin pouse m pran ti miwa m, peny mwen, kòmanse penyen pou kont mwen.


Depi mwen piti, mwen te renmen pran swen cheve m, tankou fè ti mask pou yo ak zaboka,fig, ze ak kèk lòt ti engredyan m te konn jwenn. Sa te kòmanse tounen yon pasyon pou mwen. Lòt moun nan antouraj mwen te kòmanse mandem pou m ede yo ak cheve yo tou,

paske yo te we rezilta mwen te jwenn , nan engredyan natirèl mwen tap itilize yo.


Kèk tan apre , mwen te rantre Pòtoprens pou etid mwen, Men, pasyon an te toujou la. Moun te toujou ap mandem: Vierge,ki prodwi wap itilize?. E Kesyon sa a te ouvri yon pòt pou mwen ki te vin fè m kòmanse prepare ti prodwi pou yo te ka eseye, epi vann yo tou.

Se konsa ,Vierge Beauty Care te vin pran nesans.


Nan eksperyans kem fè antan ke "Coach Capillaire" nan pran swen cheve e prepare pwodwi pou moun.

Men yon remak kem fè : anpil moun gen prodwi lakay yo ,men problèm nan, yo pa konnen kijan pou yo bien itilize yo. Sa vin fèm konprann ,se pa plis prodwi yo bezwen, men yon woutin ki klè, yon plan yo ka suiv, ak sipò pou yo rete konsistan.


Se poutèt sa, nou kreye Challenge sa ki se : <<30 Jours pour des Cheveux Plus Sains, Plus Forts et Plus Longs. >>

Pandan 30 jou, nou pral ede w:

- Evalye woutin ou genyen kounye a

- Kreye yon plan ki senp

- Aprann itilize pwodwi yo ak plis klète

- Suiv pwogrè ou

- Rete konsistan ak sipò kominote a


Challenge la ap kòmanse 27 Jiyè 2026. Enskripsyon an se $25.

Antre jodi a pou nou ka bati yon woutin ou ka kontinye suiv menm apre 30 jou challenge lan.



Ou pa gen kat pou peye challenge lan(online) ?


Pa enkyete w !
Si w Ayiti oswa Repiblik Dominikèn ou ka kontakte nou sou WhatsApp pou plis detay.

Nou aksepte peman pa:

Ayiti: MonCash / NatCash
Repiblik Dominikèn: Transfè lokal oswa lòt opsyon ki disponib


Apre ou fin peye, tanpri voye prèv la pou nou sou WhatsApp pou nou ka konfime enskripsyon .


Ekri nou sou WhatsApp sa a pou swivi yo :
https://wa.me/18098787658



4 Checkpoints

Week 1

27 Jul, 02:00 PM

Week 2

03 Aug, 02:00 PM

Week 4

17 Aug, 02:00 PM

Together is more fun!
Challenges are fun with friends, pass it on.

By purchasing this, you also unlock

Community access
New updates
Exclusive content